Accessibility links

Breaking News

Plizyè Milye Manifestan Rasanble Washington pou 'Mach pou Izrayèl' la


Jacob Mitrani, 11 zan, moun New Jerze, flote drapo Izrayelyen pandan Mach pou Izrayel la nan Washington, 14 Novanm, 2023.
Jacob Mitrani, 11 zan, moun New Jerze, flote drapo Izrayelyen pandan Mach pou Izrayel la nan Washington, 14 Novanm, 2023.

Manifestan ap rasanble nan Washington Madi pou patisipe nan "Mach pou Izrayèl la" kote yap montre solidarite yo pou Izrayèl nan lagè lap mennen kont Hamas la. An menm tan, yap kondane anti-semitizm kap ogmante rapidman.

Lari anbalavil Wasington bloke epi otorite yo ogmante sekirite a, pandan plizyè milye moun rasanble sou plas santral vil Washington nan - National Mall - ou plas nasyonal la. Anpil nan moun sa yo ap flote drapo Izrayelyen ak Ameriken.

Plizyè Milye Manifestan Pwo Izrayelyen Patisipe nan yon Mach nan Washington DC
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:56 0:00

Sit entènèt mach la, ke Federasyon Juif Amerik du Nò ak Konferans Prezidan Gwo Oganizasyon Juif Ameriken yo di kominote toupatou Ozetazini pral rasanble pou "montre angajman yo vizavi alye pi enpòtan yo nan Mwayèn Oryan an epi kondane tandans zak vyolans anti-semitism ak arsèlman kap ogmante. Yo mande tou pou tout otaj yo jwenn liberasyon yo tou suit sen e sof.

Manifestasyon pro Palestinyen ak Pro Izrayelyen dewoule toupatou nan mond lan apre neg ak zam Hamas te anvayi rejyon sid Izrayel 7 Oktob epi touye 1,200 moun, dapre sa otorite Izrayelyen yo di epi pran 240 otaj ke yo kenbe nan Gaza.

Manifestan patisipe nan yon Mach pou Izrayel sou plas nasyonal la - National Mall - nan Washington 14 Novanm 2023.
Manifestan patisipe nan yon Mach pou Izrayel sou plas nasyonal la - National Mall - nan Washington 14 Novanm 2023.

Izrayel te reponn ak yon blokis sevè kont Gaza ka Hamas kontwole epi tanmen bonbadman ayeryen ak yon ofansiv teres ke otorite Palestinyen yo di lakoz 11,000 moun pedi lavi yo - 40% nan yo se timoun.

XS
SM
MD
LG