Accessibility links

Breaking News

Antony Blinken lanse yon pinga bay Izrael pou li pa Re-okipe Gaza


Japan G7 Blinken
Japan G7 Blinken

Sekretè Deta ameriken Antony Blinken lanse yon pinga bay Izrael pou li pa re-okipe Gaza, malgre li rekonèt ke yon “peryòd transizyon” ka nesesè apre lagè Izrayèl kont militan Hamas la yo nan Gaza.

Nan yon konferans pou laprès mèkredi sou kote yon reyinyon Gwoup 7 la nan Tokyo nan peyi Japon, Blinken re-afime sipò Etazini pou efò Izrayèl ki ap chache dechouke Hamas, ki te touye 1400 moun e fè dappiyan sou 200 lòt nan yon atak, mwa pase a ann Izrayèl.

Blinken di tou “li klè le Izrael paka okipe Gaza.”

Li ajoute, “Kounyea, reyalite a sèke ka gen bezwen pou yon ti peryòd tranzisyon apre konfli a. Men li enpòtan pou ke se pèp Palestinyen an ki nan sant gouvènman an nan Gaza ak nan Sisjòdani.”

XS
SM
MD
LG