Accessibility links

Breaking News

Sispansyon Trete sou Fòs Ame konvansyonèl yo ann Ewòp


NATO-Industry Forum
NATO-Industry Forum

Washington ak alye l-OTAN-yo di madi yo pwal fè tankou LaRisi ki sispann yon trete nan epòk Lagè Frèt la ki te limite kantite zam ki ap pwopaje ann Ewòp, e kounyea Mezon Blanch di li pa gen lòt chwa, li oblije soti nan trete a tou.

Sispansyon Trete sou Fòs Ame konvansyonèl yo ann Ewòp pwal ranfòse kapasite l-OTAN pou dekouraje lènmi ki ta vle atake manm li, lè li wete restriksyon ki pa angaje LaRisi ankò apre Moskou fin soti ladann,” dapre konseye sou sekirite nasyonal Jake Sullivan.

Trete a ki ekziste depi 1990 la pou anpeche kèlkeswa pouvwa apre lagè frèt la – lè sa a sete l-OTAN ak ansyen Pak Vasovi a – rasanble fòs pou yon ofansiv sanzatann.

XS
SM
MD
LG