Accessibility links

Breaking News

Gaza: Tedros Adhanom Gebreyesus Deklare ke Sant Medika Shifa Pa Fonksyon Kòm Lopital Ankò


Tedros Gebreyesus
Tedros Gebreyesus

Direktè-Jeneral Òganizasyon Mondyal LaSante (OMS) Tedros Adhanom Gebreyesus fè konnen sant medikal Shifa nan Gaza “p ap fonksyone kòm lopital ankò” e ke sityasyon nan pi gran lopital nan Gaza a “grav e danjere”.

Chef OMS la di, “Kout zam ak bonbadman san rete nan alantou lopital la agrave kondisyon travay yo ki deja kritik.”

Premye-minis izraelyen Benjamin Netanyahu di dimanch pa gen rezon pou yo paka evakye san danje paysan nan lopital Shifa ki anba syèj, men li kontinye di ke militan Hamas yo ap fè tou sa yo konnen pou moun yo rete nan mitan danje a.

XS
SM
MD
LG