Nan yon rapò li pibliye jodi madi 14 janvye a, OIM fè konnen 1,041,000 moun oblije kite kay yo akoz ensekirite a.
Pami moun sa yo ki pa gen lòt chwa, sinon bay talon yo nan katye yo te rete, genyen ki deplase plizyè fwa, kouri katye-an-katye, pou gang.
Dapre OIM, an desanm 2023, kantite moun ki te kite lakay yo akoz ensekirite a se te 315 mil. Yon lane apre, chif la se yon milyon!
Ajans Nasyonzini an souliye, kantite moun ki deplase nan Pòtoprens yo preske double.
Nan Latibonit, kantite a ‘triple’ an 2024 pou rive 84 mil moun ki deplase akoz pwoblèm ensekirite a.
Yon chif ki bay kè sote e ki montre jan sitiyason an malouk an Ayiti.
Amy Pope, ki se Direktè jeneral OIM, deklare: "Pou pwoteje ak sove lavi, Ayiti bezwen asistans imanitè kounye a. Nou dwe aji ansanm pou atake rasin vyolans ak enstabilite ki koze anpil lanmò ak destriksyon".
N ap fè sonje, selon Nasyonzini, gen plis pase 5600 moun ki pèdi lavi yo an Ayiti nan ane 2024 la.