Konsèy Sekirite LONU Eksprime Gwo Kè Sote Pa Rapò ak Atak Izrayèl Lanse kont UNIFIL

Yon avyon dekole nan ayeropo entenasyonal Rafik Hariri pandan lafimen frap ayeryen Izrayel kontinye pwopaje sou Dihiyeh, Bewout, Liban, 14 Oktob, 2024.

Konsey Sekirite Nasyonzuni eksprime gwo ke sote li genyen nan moman Izrayel lanse atak kont epi blese manm fos mentyen lape LONU nan sid Liban pandan lap entanfisye bagay li. LONU reitere ke moun sa yo ap jwe yon wol sipò pou ranfòse sekirite rejyon an.

Deklarasyon LONU pibliye Lendia se premye deklarasyon ajans Nasyonzuni ki gen plis pouvwa a pibliye depi Izrayel te pran tire sou pozisyon fòs mentyen lape ki rele UNIFIl la.

Chef fòs mentyen lape LONU an di jounalis yo ke Sekrete Jeneral Antonio Guterres konfime Lendi ke sòlda mentyen lape yo pral rete nan tout pozisyon yo malgre Izrayel lanse apel ba yo pou yo pran direksyon nò a.

Izrayel ogmante kanpay li kont Hezbollah nan Liban atrave teritwa LONU jere ki sitye ant Izrayel ak Liban.