Accessibility links

Breaking News

Washington Lanse Pinga pou Izrayèl Pa fè Liban Tounen Menm Jan ak Gaza


A boy carries a gaz canister as he walks in front of a building that collapse during an Israeli air strike in Gaza City early on October 8, 2023.
A boy carries a gaz canister as he walks in front of a building that collapse during an Israeli air strike in Gaza City early on October 8, 2023.

Etazini lanse pinga bay Izrayèl Mèkredi kont nenpòt atak nan peyi Liban ki "sanble" ak sa ki te pase nan Gaza yo, nan moman lame Izrayelyen an te pwomèt pou l konbat Ezbola "san pran souf".

Nan lavèy, Benjamin Netanyahu te di peyi a ka soufri menm "destriksyon ak soufrans" ak Gaza, epi li te mande Libanè yo "libere peyi yo" anba Ezbola, yon mouvman islamis ki alye ak Iran.

Depi 7 oktòb 2023, Izrayèl ap dirije yon ofansif devastatè nan teritwa palestinyen an, an repons ak atak mouvman islamis Amas la sou teritwa Izrayelyen an. Lagè a dènyèman pwopaje nan peyi Liban epi li devlope yon derapaj ant Izrayèl ak Iran, k ap sipòte Ezbola Libanè a ak Amas.

Pòtpawòl Depatman Deta Matthew Miller te di "Mwen di li klèman pa ta dwe gen okenn aksyon militè nan peyi Liban ki sanble ak Gaza oubyen ki bay yon rezilta ki sanble ak Gaza."

Pandan Izrayèl te anonse li te elaji atak tèrès li a kont Ezbola nan sid peyi Liban, Benjamin Netanyahu te pale nan telefòn Mèkredi ak Prezidan Ameriken Joe Biden, pou diskite an patikilye plan Izrayèl pou frape Iran, an repons ak atak misil Teyeran te lanse nan dat premye oktòb la.

XS
SM
MD
LG