Accessibility links

Breaking News

Liban Di Atak Izrayelyen yo sou Beyrout Touye 22 Moun ak Blese 117 Lòt


Rescue workers search for victims at the site of an Israeli airstrike in Beirut, Lebanon, Oct. 11, 2024.
Rescue workers search for victims at the site of an Israeli airstrike in Beirut, Lebanon, Oct. 11, 2024.

22 moun te mouri ak 117 lòt blese nan frap Izrayelyen sou Beyrout Jedi nan aswè, dapre yon nouvo rapò ki soti nan Ministè Sante Libanè a, ki konsidere atak sa yo kòm youn nan pi mòtèl nan kapital la depi lè Izrayèl ak Ezbola ap twoke kòn yo.

Sa fè twazyèm fwa fòs ayeryen Izrayelyen yo vize kapital Libanè a depi lè echanj kou zam batay yo ak Ezbola janbe fwontyè epi tranfòme nan yon veritab gè nan dat 23 septanm nan.

Depi lè sa a, plis pase 1,200 moun jwenn lanmò yo nan tout peyi Liban e plis pase yon milyon te oblije kite kay yo.

XS
SM
MD
LG