Accessibility links

Breaking News

Biden ak Netanyahu Pral Rete an 'Kontak Sere' nan Jou Kap Vini yo


Foto konbinezon sa a montre Prezidan Joe Biden (a goch) epi Premye Minis Benjamin Netanyahu (a dwat).
Foto konbinezon sa a montre Prezidan Joe Biden (a goch) epi Premye Minis Benjamin Netanyahu (a dwat).

Prezidan Ameriken Joe Biden ak Premye Minis Izrayelyen an, Benjamin Netanyahu, te dakò pou yo rete an "kontak sere" nan jou kap vini yo, dapre sa Mezon Blanch te anonse Mèkredi a, apre 2 lidè yo te diskite sou repons Izrayèl pral bay apre misil Iranyen an.

Nan yon apèl ak Netanyahu, Biden te ensiste tou sou "nesesite pou minimize enpak sou sivil yo, patikilyèman nan zòn ki gen anpil moun nan Beyrouth" pandan Izrayèl ap kontinye ofansif li nan Liban kont Ezbola, dapre sa kominike a rapòte.

XS
SM
MD
LG