Repiblik Dominikèn Depòte Plis Pase 11 Mil Ayisyen nan yon Semèn

Haiti Migrants

Gouvènman dominiken depòte plis pase 11 mil Ayisyen nan yon semèn, selon chif direksyon jeneral migrasyon (DGM) komimike.

Soti jedi 3 oktòb pou rive jedi 10 oktòb la, Sendomeng pimpe tounen Ayiti yon total 11,177 Ayisyen ki pa gen papye ki tap viv sou tèritwa peyi yo.

Lapolis nan Repiblik Dominikèn kontinye ap mennen operasyon toupatou nan peyi a pou arete migran ayisyen ki ap fonksyon nan peyi a san papye epi voye yo tounen Ayiti.

Nan Bávaro, lapolis arete 851 Ayisyen epi pimpe yo sou fwontyè a.

Dapre sa yo rapòte ta sanble menm Ayisyen ki fèt sou tè dominiken pa epaye vag depòtasyon sa yo.

Ricardo ki gen paran l Ayisyen, fè konnen "sitiyason an konplike" pou Ayisyen yo, menm si yo gen papye.

Nan yon interview li bay jounal dominiken Listín Diario, Ricardo deklare: " yo vin chache w, menm si w gen papye legal".

Depi apre prezidan dominiken an Luis Abinader fin anonse plan l pou l depòte 10 mil Ayisyen chak semèn, otorite nan imigrasyon voye tounen pa pil pa pakèt Ayisyen yo, pafwa lote yo tankou machandiz nan bis, pou mennen yo fwontyè a.

N ap souliye Sendomeng depòte plis pase 195 mil Ayisyen (195,907) pou ane 2024 la sèlman ! Selon direksyon jeneral imigrasyon, pou mwa jen ki sot pase la, Sendomeng pimpe Ayiti 22,572 migran.