Accessibility links

Breaking News

"Depatmam Latibonit lan sou Kontwòl Lapolis", Dapre Michel Ange Louis Jeune


Inite SWAT Polis Nasyonal Ayiti, PNH ak polisye Kenyan yo grenpe yon morn pou monte nan yon blende pandan yo tap fe patwouy nan yon katye nan Potoprens, 28 Jyen 2024.
Inite SWAT Polis Nasyonal Ayiti, PNH ak polisye Kenyan yo grenpe yon morn pou monte nan yon blende pandan yo tap fe patwouy nan yon katye nan Potoprens, 28 Jyen 2024.

"Depatman Latibonit lan sou kontwòl lapolis", selon deklarasyon pòt pawòl Polis Nasyonal Ayiti a, Michel Ange Louis Jeune, ki t ap prezante, ayè mèkredi a, bilan PNH la sou divès entèvansyon l fè nan kèk depatman nan peyi a.

Nan yon rankont ak laprès, lapolis anonse gen plizyè operasyon li menmen nan Latibonit pou kwape bandi k ap simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Pandan operasyon sa yo, lapolis di li rive kraze plizyè barikad nan Savyen, kote nèg ak zam kont ap friz moun pou pran zafè yo.

"Gen pwogresyon ki ap fèt pou inite yo rive netralize bandi yo" selon Michel Ange Louis Jeune, ki souliye mache Ponsonde a ap fonksyone nòmalman.

Pòt pawòl lapolis la pwomèt: "Lapolis ap kontinye pwogrese jiskaske yo rive ban fyèf gran fwaye gang sa pou rive bay popilasyon an souf.

Pi lwen, Michel Ange Louis Jeune, mande popilasyon an pou yo pa pran ni nan kraponnay ni nan manti bandi yo ap bay sou rezo yo, pou detounen atansyon piblik la.

Selon Louis Jeune, bandi yo itilize fo imaj, videyo, pou eseye detounen atansyon piblik la ak fòs lòd yo.

Nan kèk videyo k ap sikile sou rezo yo, nou ka konstate cha k ap boule ak kadav moun nan lari.

Pòt pawòl lapolis pote yon demanti ak lide ki ta fè kwè gen polisye kenyan ki ta tonbe anba bal bandi.

"Pa gen ni cha ki boule. Pa gen ni polisye kenyan ki mouri. Pa gen ni polisye ayisyen ki mouri", deklare Louis Jeune ki pwofite mande popilasyon pou rete vijilan e kontinye kolabore ak lapolis.

N ap raple gang Savyen an te lanse yon atak san parèy nan lokalite Ponsonde semèn ki sot pase a. Yo touye pou pi piti 70 kretyen vivan.

XS
SM
MD
LG