Accessibility links

Breaking News

Garry Conille Rankontre William Ruto nan Nairobi


William Samoei Ruto
William Samoei Ruto

Premye minis ayisyen, Garry Conille, rankontre maten an, prezidan kenyan an, William Ruto, nan Nairobi, pou diskite sou fòs miltinasyonal la e ranfòse lyen ant 2 peyi yo.

Pandan rankont lan, chèf primati a remèsye peyi Kenya pou sipò yo bay Ayiti nan ede Polis Nasyonal Ayiti a goumen kont gang k ap kraze brize nan peyi a.

Chèf gouvènman an fè lwanj pou fòs miltinasyonal la ki te deplwaye rapid nan depatman Latibonit pou reponn ak atak gang Savyen an te fè sou popilasyon Ponsonde a, kote yo touye pou pi piti 70 moun.

Chèf gouvènman an felisite Lapolis Nasyonal Ayiti ak fòs miltinasyonal la pou entèvansyon rapid yo nan Latibonit.

Bò kote pa li, prezidan William Ruto pwomèt l ap voye, nan mwa k ap vini la, 600 lòt polisye kenyan pou vin ranfòse misyon miltinasyonal.

Prezidan Kenyan pwofite lanse yon apèl ak kominote entènasyonal pou mande sipò ak ekipman pou kore travay fòs lòd yo sou teren an

"Kenya ak Ayiti ini ansanm pou sipliye kominote entènasyonal la pou kore misyon miltinasyonal la" deklare prezidan Ruto sou X.

N ap raple Kenya gen 600 polisye sou teren pou ede Ayiti batay kont fleyo gang nan k ap gangrannen peyi a.

XS
SM
MD
LG