Ayiti: Grangou ak Lamizè Lakoz Anpil Timoun Antre nan Gang

FILE - Gang leader and former police officer Jimmy "Barbecue" Cherizier leads a march against Haiti's Prime Minister Ariel Henry, in Port-au-Prince, Haiti, Sept. 19, 2023.

Plizyè santèn timoun an Ayiti antre nan aktivite gang akoz pwoblèm grangou ak lamizè ki blayi nan peyi a.

Daprè yon rapò Human Rights Watch (HRW) pibliye jodi mèkredi 9 oktòb 2024 la, kantite timoun ki enplike nan gang ap ogmante de jou an jou.

Òganizasyon an fè konnen, plizyè santèn, e menm plizyè milye timoun, antre nan zafè gang, paske yo pa gen twòp chwa.

Grangou ak povrete pouse timoun yo antre nan sak pa sa e riske vi yo. Chèf gang yo itilze rezo sosyal pou atire timoun sa yo.

Selon HRW, gang nan village de Dieu gen yon gwoup timoun yo rekrite menm pou prepare yo pou yo goumen kont misyon miltinasyonal la.

HRW deklare : "Yo montre timoum yo kòman pou mete barikad, tilize zam ak jwe wòl getè nan katye a".

Yon lòt bò, HEW souliye anpil nan timoun yo pèdi lavi yo akoz enplikasyon yo nan aktivite gang.

Soti mwa janvye 2024 pou rive septanm 2024, nviwon 105 timoun mouri asasinen (78 ti gason, 27 tifi).

Òganizasyon dwa moun nan pwofite mande ak konsèy prezidansyèl la pou l travay pou amelyore kalite vi timoun yo e ba yo pwoteksyon.