Sendomeng: Otorite yo Fouke Yon Sitwayen Ayisyen nan Ayewopò Punta Cana Pou Trafik Dwòg

DOMINICAN/

Otorite nan peyi Sendomeng arete yon sitwayen Ayisyen nan ayewopò Punta Cana pou trafik dwòg.

Se ajan nan Direksyon Nasyonal Kontwol Dwòg (an fransè, Direction Nationale du Contrôle des Drogues DNCD) ki mete men nan kòlèt sitwayen ayisyen an apre yo te jwenn kèk bagay ki sipè nan malèt li.

Apre yo eskane valiz Ayisyen an, otorite yo jwenn 5 kilo kokayin kache anndan malèt akize a, ki t ap tan avyon pou li ale Frankfurt nan peyi Almay.

Apre ajan yo dekouvri dwòg yo nan malèt jèn gason an ki gen sèlman 22 lane, yo arete l epi mete l nan prizon.

Otorite yo pa kominike idantite Ayisyen, men yo di li gen nasyonalite ameriken tou.

Ayisyen se 2e endividi DNCD arete pou dwòg nan ayewopò Punta Cana nan dènye twa jou yo.

Lendi pase, Ajan yo te rive kenbe yon sitwayen Letoni ki tap eseye fè dwòg pase nan Aewopò a.

Li menm tou te gen yon vòl pou l al Frankfurt