Accessibility links

Breaking News

Bandi Touye Sekretè Jeneral Bawo Avoka Fort Liberté a


Polisye PNH kanpe nan yon machin lapolis devan bilding kote yo pral nomen Michel Patrick Boisvert nouvo Premye Minis enterime Ayiti nan Potoprens, 25 Avril, 2024.
Polisye PNH kanpe nan yon machin lapolis devan bilding kote yo pral nomen Michel Patrick Boisvert nouvo Premye Minis enterime Ayiti nan Potoprens, 25 Avril, 2024.

Sekretè jeneral bawo avoka Fort Liberté a, Artiste Rémy, pèdi lavi li lendi 16 Septanm an aswè, anba bal bandi, nan lokalite Manquette ki twouve l nan komin Wanament, nan depatman Nòdès peyi Ayiti.

A anviwo 50 Km de atak nefas sa, bandi ak zam tire epi touye direktè ONM nan vil Okap.

2 zak asasinay sou 2 otorite nan leta dewoule nan mwens pase 48 èd tan !

Nan Fort Liberté, nèg ak zam yo pa rive idantifye krible ak bal Artiste Rémy ki te tou pre lakay li, selon sa temwen yo rapòte.

Apre zak asasinay la, bandi yo reyisi chape poul yo epi kite viktim nan, ki se manm kabinè Phoenix, ap benyen nan san.

Estaf medikal nan lopital yo te kouri ak viktim nan, men yo pa rive sove lavi avoka a, ki rann dènye souf li lopital.

Yon lòt bò, direktè Ofis Nasyonal Migrasyon (ONM) nan nò a, Kerwin Augustin, mouri, mèkredi 18 septanm nan, anba katouch bandi nan vil Okap pandan l t ap eseye antre lakay li.

Selon enfòmasyon yo, mesye Augustin ki resevwa plizyè katouch, rann dènye soupi li nan lopital Justinien apre nèg sou moto te tire sou li.

XS
SM
MD
LG