Accessibility links

Breaking News

Vizit PM Conille nan BRH


PM Gary Conille
PM Gary Conille

Premye minis ayisyen an Garry Conille vizite ayè madi 17 septanm lan, local Bank Repiblik Ayiti a ki twouve l anba lavil, nan mitan Pòtoprens.

Chèf gouvènman an fè deplasman sa nan kè kapital la, nan lide pou fè yon bilan sou sa k ap pase anba lavil la epi bay asirans sou volonté gouvènman an pou reprann kontwòl zòn bandi yo okipe.

Premye minis lan, sou siveyans gwo kòtèj sekirite anba lavil la, te rankontre ak direktè Bank Santral la, Ronald Gabriel e konsèy adminstrasyon bank lan.

Pandan vizit sa, Garry Conille diskite sou desizyon ki dwe pran pou rive kwape bandi yo epi pèmèt anplwaye yo kontinye fè travay yo kòmsadwa e san kè sote.

Premye minis lan pandan l pwomèt gouvènman an ap fè tout sa l kapab pou lòd retabli nan zòn metwopolitèn nan li deklare “Mwen vini pou m pote sipò m. Remèsye nou pou sakrifis nou, malgre kriz la ».

N ap raple, selon yon rapò Nasyonzini, 80% nan kapital la sou kontwòl Gang e zòn anba lavil fè pati de kote, moun preske pa frekante akoz de zak vyolans.

XS
SM
MD
LG