Accessibility links

Breaking News

Deblozay Pete nan Yon Match Foutbòl


Sitwayen pran ari pou mande liberasyon enfimye Alix Dorsainvil ak pitit fi li ke gang kidnape nan Site Soley, Lendi 31 Jiye, 2023.
Sitwayen pran ari pou mande liberasyon enfimye Alix Dorsainvil ak pitit fi li ke gang kidnape nan Site Soley, Lendi 31 Jiye, 2023.

Deblozay pete nan yon match foutbòl ant 2 ekip ki t ap woule balon nan site solèy 11 septanm ki sot pase la.

Selon enfòmasyon yo, yon penalite abit la sifle an favè youn nan ekip yo ta deklanche afwontman sanglan yo ant Simon Pele ak Site Solèy e mete fen ak antant ki te genyen ant 2 katye popilè yo.

Gè sa fòse anviwo 520 fanmi kouri kite zòn nan. Anpil ladan yo relokalize nan fanmidakèy, tandiske 45% ladan al refijye nan sit ki fèt pou sa.

N ap souliye nan kòmansman mwa septanm lan, Nèg ak zam te fòse 830 sitwayen kouri kite Ganthier. Selon OIM, Ganthier se youn nan komin ki pi afekte akoz atak gang yo. Ant jiyè ak mwa Dawout, gen prèske 6000 moun ki kouri kite Ganthier akoz atak gang yo.

Gè ant gang yo kontinye ap gangrannen plizyè katye nan Pòtoprens, malgre prezans fòs miltinasyonal la peyi Kenya ap dirije.

N ap raple polisye Kenyan yo ki rive an Ayiti nan mwa jen 2024 nan lide pou ede polis nasyonal Ayiti goumen kont gang yo k ap fè e defè nan kapital la.

XS
SM
MD
LG