2 foubolè ayisyen nan top 10 pi bèl gòl ki te fèt nan eliminatwa mondyal U-17 yo pou rejyon Concacaf la, selon yon klasman Concacaf pibliye ayè jedi a.
Apre 16 jounen, entènasyonal ayisyèn Melchie Daelle Dumornay, k ap jwe nan ekip Lyon an, se 2èm pi bon bitez nan chanpyona Lafrans la avèk 13 gòl. Se premye fwa Grenadyè a pwolifik konsa apre 16 jounen.
Move nouvèl pou seleksyon foubòl fanm U-20 an: Ayiti pa pral nan mondyal U-20 an apre defèt yo (0-1) jodi 25 fevriye a, kont seleksyon Giyana a nan kad premye faz eliminatwa mondyal U-20 zòn Concacaf.
Ayiti fè yon sèl bouche ak Beliz (4-0) nan kad 2èm match jèn Grenadyè yo pou premye faz elimanatwa mondyal fi U-20 yo.
Ayiti kalifye pou 20è edisyon mondyal timoun anba 17 an yo, apre viktwa (2-0) li ranpòte sou Gwatelma, yè dimanch 16 fevriye 2025 la.
Nan estad Cementos Progreso nan lakou Gwatemala, Ti mesye Eddy Cesar yo pase yon rakle a ekip Sen Vansan an pou premye match yo nan elimatwa mondyal kategori laj pi piti pase 17 lane.
Atakan ayisyen Fafa Picault fè premye gòl li ak nouvo ekip li a, Inter Miami, ayè dimanch la, nan yon match amikal kont ekip Sporting San Miguelito.
Atakan ekip Real Madrid te an plèn fòm mèkredi 22 janvye a; yo kraze ekip Salzburg la (5-1) nan match Lig Chanpyon an, yon viktwa ki asire chanpyon an tit la omwen yon plas nan match baraj yo.
Lovely Borgard yon jèn dam ki te pèdi pye lè li te gen 16 nan tranblemanntè 2010 la, kounya fè pati foutbòl anpite te chita ak jounalis VOA Kreyòl Wilner Bossou.
Atakan ayisyen an, Fafa Picault, pral pote koulè klèb ameriken an Inter Miami pou nouvo sezon nan MLS la.
Se avèk yon debabès kont FC Nantes nan kad 11èm jounen chanpyona Lafrans lan, Jeni an Ayisyen an, Melchie Daelle Dumornay, fini ane 2024 la. Yon ane ki pote anpil fwi pou ansyen jwez As Tigresse la.
Load more