Accessibility links

 
Foubòl: Giyana Bat Ayiti Epi Kraze Rèv Mondyal Grenadyè U-20 yo
Breaking News

Foubòl: Giyana Bat Ayiti Epi Kraze Rèv Mondyal Grenadyè U-20 yo


Ekip Feminen Ayiti U20
Ekip Feminen Ayiti U20

Move nouvèl pou seleksyon foubòl fanm U-20 an: Ayiti pa pral nan mondyal U-20 an apre defèt yo (0-1) jodi 25 fevriye a, kont seleksyon Giyana a nan kad premye faz eliminatwa mondyal U-20 zòn Concacaf.

Jèn Grenadyè yo te bezwen yon match nil pou valide biyè yo pou 2èm faz eliminatwa yo.

Malerezman Grenadyè yo, ki pèdi match la (1-0), pa rive aten objektif yo e wè rèv patispasyon yo nan mondyal la tonbe nan dlo.

Malgre efò yo ak dominasyon yo pandan yon bon pati nan match la, seleksyon an pa rive konkretize aksyon yo pou mete boul la nan kan Giyana a.

Poutan atak Ayiti a t ap krache dife nan 2 premye match li yo, avèk 7 gòl nan 2 match.

Kanpay eliminatwa Jèn Grenadyè yo te byen kòmanse ak yon viktwa konvenkan kont Antigua (3-1) avan yo te kraze ekip Beliz la (4-0).

Malerezman medam ayisyèn yo, ki gen nan tèt yo, teknisyen fransè a Frenoy Baptiste, pa rive fini travay la kont seleksyon Giyana, ki jwen kalifikasyon l pou egzagòn final la, dènye faz eliminatwa yo.

XS
SM
MD
LG