Accessibility links

Breaking News

Malou Quignette Se Nouvo Antrenè Seleksyon Foutbòl Medam yo


Frédéric Gonçalves antrenè Grenadyè yo
Frédéric Gonçalves antrenè Grenadyè yo

Pòtoprens- Malou Quignette se nouvo antrenè seleksyon medam yo.

Se federasyon foutbòl peyi Ayiti (FHF Fédération Haïtienne de Football ) ki anonse nominasyon Fransè a nan tèt Grenadyè yo ki gen pou al jwe yon tounwa ak 4 ekip nan peyi Tiki nan mwa oktòb k ap vin la.

Malou Quignette ki te adjwen Frédéric Gonçalves pandan anviwon yon lane, pral dirije dorenanvan ekip medam yo ke li konnen byen.

Fransè a ki gen anpil eksperyans nan zafè antrene ekip, pral gen okazyon montre konpetans li nan mwa oktbòb la ak seleksyon an nan peyi Tiki.

Apre plis pase 7 mwa san l pa jwe, seleksyon medam yo pral jwe yon tounwa ak 4 ekip nan vil nan peyi Tiki soti 24 pou rive 30 oktòb 2024.

E se antrenè Malou Quignette ki pral dirije ekip pou "baptême de feu "li.

Selon sa FHF fè konnen, tounwa sa gen 4 ekip ladan l : Filipin, Mali, Jòdani ak Ayiti.

WWCup England Haiti Soccer
WWCup England Haiti Soccer

Grenadye yo ap jwe twa match, 24, 27 ak 30 oktòb sou direksyon teknisyen fransè a.

Match sa yo se pral okasyon pou Ayiti twoke kòn li ak ekip ki gen gwo nivo nan mond lan.

N ap raple Ayiti te jwe dènye match li nan mwa fevriye a kont ekip Pòto Riko (0-1) nan tou preliminè premye edisyon Gold Cup medam yo.

Quignette gen anpil travay pou l fè pou l eseye met ekip la sou ray e fè Ayiti tounen yon menas pou ekip nan rejyon an.

Nap souliye avan antrenè fransè a te rejwenn estaff seleksyon Ayiti a, li te pase nan plizyè klèb an Ewòp, sitou nan peyi Lafrans kote l te adjwen ekip medam Havre Athletic club la.

Malou Quignette te fè yon pasaj nan ekip DC United la nan peyi Etazini kote l te antrenè adjwen U-23 a.

FHF la di li kontan akeyi teksnisyen an e swete li siksè nan tèt kip Ayiti a

XS
SM
MD
LG