Biden Repouse Fo Deklarasyon Trump Fè sou Migran Ayisyen yo

Prezidan Joe Biden pale pandan yon Dejene "Selebrasyon Ekselans Nwa' nan Lamezonblanch, 13 Sept. 2024.

Prezidan Etazini Joe Biden repouse fo deklarasyon ansyen Prezidan Donald Trump fè pou di kòm kwa migran Ayisyen nan eta Ohio ap kidnape epi manje bèt moun.

"Mwen ta renmen pran yon moman pou di yon bagay pou Ameriken tankou Karine (Jean-Pierre) ki fyè dèske li se yon Ayisyèn Amerikèn. Yon kominote ki anba atak kounyela a nan peyi nou. Se yon bagay ki pa kòrèk. Pa gen plas pou bagay konsa Ozetazini. Fòk sa sispann. Sa misye (Donald Trump) ap fè. Fòk sa sispann."

Biden te pale konsa pandan yon evenman ak palmante nwa Ameriken ki manm sa yo rele Kokis Nwa Kongrè a.