Harris, Walz Pral Bay CNN Premye Entevyou yo

Kandida prezidansyel pati Demokrat la, Vis Prezidan Kamala Harris ak kolistye li, Gouvene Minnesota Tim Walz fe yon paret ansanm nan yon miting politik nan vil Milwaukee, eta Wisconsin, 20 Out, 2024.

Vis Prezidan Kamala Harris ak kolistye li, Gouvènè Minnesota Tim Walz pral chita ansanm pou premye entèvyou televize kanpay yo nan moman yap fè kanpay nan eta Joji nan sid Etazini.

Entèvyou a pral fèt jodi Jedi a ak jounalis CNN Dana Bash, e sa pral bay Harris yon opotinite pou l reponn kritik kèk moun lanse pou di li pa pare pou reponn kestyon nan sityasyon li pa kontwole. Lap gen opotinite tou pou l defini kanpay li, epi teste konesans politik li anvan deba li sipoze fè ak ex-Prezidan Donald Trump 10 Septanm.

Sepandan, entèvyou a pote risk tou nan moman ekip li ap eseye pwofite momentom yap jwi apre Joe Biden te deside bay kou la vag, epitou gwo kontantman ki te egziste pami Demokrat yo pandan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la.