Maduro: Kandida Opozisyon Venezyelyen an Se Yon "Lach"

Venezuela Election

Prezidan Venezyelyen an, Nicolas Maduro, ap selebre re-eleksyon li nan Karakas, yon mwa apre eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a te fèt. Misye ap selebre eleksyon an malgre opozisyon an konteste rezilta yo, epi di ke te gen magouy.

Nicolas Maduro deklare "Yon mwa apre, Venezyela te triyonfe ankò".

"Edmundo Gonzalez pwouve li se yon lach. Li kache, li fè yon atak panik.

Machado, ki te rive nan yon kamyon an konpayi ak lòt lidè opozisyon an akonpaye pa manifestans ki tap kriye "Libète! Libète!" "Nou pa pè".

Kòm sa te fèt pandan 2 dènye manifestasyon yo, li te byen vit kouri kite sèn nan sou yon motosiklèt.

Madam Machado, ap viv nan mawon, li pa parèt an piblik depi dènye manifestasyon 17 out la.

Kandida opozisyon an Edmundo Gonzalez Urrutia pa t prezan mèkredi.