Accessibility links

Breaking News

Venezyela

Venezyela: Kolonbi ak Brezil anfavè yon Nouvo Eleksyon Prezidansyèl

CELAC summit in Kingstown
CELAC summit in Kingstown

Brezil ak Kolonbi pwopoze jedi pou gen yon nouvo eleksyon prezidansyèl nan Venezyela pou peyi a kapab soti nan yon kriz ki la depi rezilta dènye eleksyon fen mwa Jiyè a ke Maduro te genyen, e ke opozisyon an konteste. Opozisyon an rejte pwopozisyon an kote li akize prezidan an kòmkwa li ap "jwe ak lavi dè milyon" Venezyelyen lè li bloke yon "tranzisyon politik" nan peyi a.

Lidè opozisyon an Maria Corina Machado rejte apèl sa yo imedyatman nan entèvyou ak medya Chilyen ak Ajanten. Li di: "Pwopoze pou yo pa konte sa ki te pase nan jou eksyon 28 Jiyè a, pou mwen se derespekte Venezyelyen (...), yo dwe respekte vwa pèp souvren an".

Apre sa nan lannwit, opozisyon an pibliye yon videyo kote li lanse "yon apèl bay Nicolas Maduro: respekte volonte pèp Venezyelyen an, w ap jwe ak lavi dè milyon konpatriyòt!"

"Ekonomi peyi a ap vin pi mal chak jou ki pase san yon solisyon politik, epi trajedi sa a se responsablite w (...) ou dwe respekte volonte pèp la epi pèmèt yon tranzisyon pou rive nan yon gouvènman ki kapab retabli konfyans epi ouvri pòt devlopman ekonomik".

Misye Maduro, ki akize 2 lidè yo k ap viv nan kache depi 2 semenn kòmkwa yo vle fè yon koudeta, deklare: "Konfli yo nan Venezyela (...) dwe jwenn solisyon ant moun Venezyela, ak enstitisyon yo, ak lwa yo, ak Konstitisyon yo a".

Prezidan an, ki te al devan Tribinal Siprèm nan pou "valide" viktwa li a, toujou pa vle reyaji sou deklarasyon ki soti nan peyi etranje yo, li di: "Nou pa pratike diplomasi mikwofòn. Chak prezidan, chak Eta, chak peyi konnen kisa li dwe fè nan zafè entèn lakay li.

See all News Updates of the Day

Venezyela: Opozisyon an Mande Pèsonèl Jidisyè pou yo Dezobeyi Lòd ki Vyole Lalwa Pouvwa ta Pase yo

Venezuela Election
Venezuela Election

Lidè opozisyon Venezyelyen an, Maria Corina Machado, te mande madi pou otorite nan Ministè Jistis yo pa obeyi lòd pouvwa a ki vyole Konstitisyon an, 2 mwa apre Tribinal Siprèm te valide reyeleksyon Nicolas Maduro ke opozisyon an konteste.

Madam Machado te di nan yon mesaj odyo nan yon emisyon sou rezo sosyal yo "Lè a rive pou tout ofisyèl jidisyè yo reprezante imaj kouraj ak diyite, pa obeyi lòd ki vyole Konstitisyon an epi defann konpatriyòt yo".

Apèl sa a vini yon jou apre Kou Siprèm Jistis la (TSJ) te rejte 2 demann opozisyon an te depoze pou mande TSJ revize desizyon li te pran 22 Out pase a kote yo valide reyeleksyon Mesye Maduro apre vòt 28 jiyè yo.

Li kontinye pou l di "Nou konnen desizyon jidisyè kèk moun pran kont Konstitisyon an ak volonte pèp Venezyelyen an se lave men siye atè".

Opozisyon an, ki reklame viktwa kandida li a Edmundo Gonzalez Urrutia, regilyèman akize tout sistèm jistis la ke yo ta sou lòd moun ki nan pouvwa(Maduro) a.

Venezyela: Maduro Fè Yon Remaniman Nan Lame a

Venezuela army
Venezuela army

Prezidan Venezyela, Nicolas Maduro, fè yon remaniman nan lame a, youn nan poto mitan ki pouvwa li a, men li kenbe nan pòs respektif yo minis defans lan ak chèf kòmandman estratejik la, 2 mwa edmi apre eleksyon prezidansyèl la ke opozisyon an konteste.

Maduro te deklare sou Telegram, nan yon mesaj ki te akonpaye ak yon videyo vizit li nan akademi militè kapital la, Karakas."Mwen bay lòd pou fè chanjman nan eta majò siperyè fòs lame a".

Li te ajoute "Mwen kenbe jeneral Vladimir Padrino Lopez kòm minis pouvwa popilè pou defans lan, ak jeneral Domingo Antonio Hernandez Larez kòm chèf kòmandman estratejik operasyonèl."

Padrino Lopez ki se minis defans depi 2014, se youn nan figi pouvwa a, te reyafime plizyè fwa anvan ak apre eleksyon prezidansyèl 28 jiyè a "fidelite " fòs lame a Maduro.

Opozisyon an, ki reklame viktwa nan eleksyon sa a, te mande plizyè fwa pou lame a "respekte" rezilta yo.

Prezidan Nicolas Maduro te pwoklame gayan ak 52% nan vòt yo pa Konsèy Nasyonal Elektoral (CNE), yon konsèy yo konsidere anba kontwòl pouvwa a e ki pa t bay detay sou vòt ki soti nan biwo vòt yo.

Opozisyon an asire, ak pwosesis vòt yo kòm prèv, kandida yo, Edmundo Gonzalez Urrutia, ki an egzil nan peyi Espay depi kòmansman septanm, te ranpòte eleksyon an ak plis pase 60% vwa.

Dapre sous ofisyèl, plis pase 2,400 moun te jwenn arestasyon yo pandan manifestasyon ki te swiv anons viktwa Maduro a.

Sa te lakoz 27 moun mouri, pami yo de manm fòs lòd yo.

Opozisyon Venezuelyen an Denonse Arestasyon Majistra Vil Maracaibo a

ALCALDE MARACAIBO RAFAEL RAMÍREZ PRIMERO JUSTICIA DETENIDO
ALCALDE MARACAIBO RAFAEL RAMÍREZ PRIMERO JUSTICIA DETENIDO

Otorite yo fouke majistra dezyèm pi gwo vil nan peyi Venezyela "Maracaibo".

Arestasyon majistra Rafael Ramirez la vin ajoute sou kantite opozan politik ki jwenn arestasyon depi apre viktwa prezidan Nicolas Maduro nan eleksyon mwa jiyè a.

Pati majistra a, Primero Justicia (Lajistis an Premye), te fè konnen sèvis entelijans yo te arete Rafael Ramírez, 49 lane, Madi 1ye oktòb la.

Yon sous te di AFP chèf sekirite li yo ak yon lòt manm pèsonèl yo te jwenn arestasyon yo tou.

Yo te deklare "Nou pa konnen kondisyon li oswa rezon ki fè (arestasyon) sa a, ki se yon vyolasyon prensip ki enskri nan konstitisyon nou an,", nou mande "liberasyon Ramirez prese prese."

Otorite Venezyelyen yo poko fè kòmantè sou arestasyon majistra a.

Primero Justicia fè pati alyans opozisyon politik Venezyelyen an ki di li kapab pwouve kandida li a, Edmundo Gonzalez Urrutia, ranpòte eleksyon prezidansyèl 28 jiyè yo.

Alyans sa gen nan tèt li Maria Corina Machado, ke patizan fidèl Maduro yo pa t dakò pou al kandida.

Prèske 200 lidè opozisyon an, ki gen ladan plizyè manm antouraj Machado a, te jwenn arestasyon yo ane sa a.

Ramirez te eli an 2021 pou dirije Maracaibo, kapital eta Zulia ki se yon fwaye petwòl nan Venezyela epi bastyon depi lontan opozisyon an.

Opozisyon an te genyen twa nan 23 eta Venezyela yo, ki gen ladann Zulia, nan eleksyon rejyonal 201 yo malgre yo te plen ak magouy dapre obsèvatè Inyon Ewopeyen yo

Lidè Opozisyon Venezyelyen an di Yo Arete Chèf Sekirite li

Venezuela's opposition leader Machado holds virtual press conference
Venezuela's opposition leader Machado holds virtual press conference

Lidè opozisyon Venezyelyen an, Maria Corina Machado ki nan kache depi apre eleksyon prezidansyèl ki te fèt nan mwa jiyè yo, di dimanch lan ke yo arete chèf sekirite li ak yon lòt manm nan estaf li.

Se dezyèm fwa yo arete chèf sekirite Machado a, Milciades Avila, premye arestasyon an te fèt de semenn anvan vòt 28 jiyè yo, opozisyon an fè konnen li kapab pwouve kandida li a, Edmundo Gonzalez Urrutia, te ranpòte eleksyon prezidansyèl la.

Arestasyon Avila ak Edwin Moya yo se dènye nan sa opozisyon an konsidere kòm yon vag represyon apre rezilta ofisyèl eleksyon yo di ke se aktyèl prezidan peyi a Maduro ki genyen.

Sa pral fè mesye Maduro twazyèm manda 6 zan ke li pa pase nan tèt peyi a, yon rezilta ki dezapwouve pa anpil manm kominote entènasyonal la.

Machado te di sou medya sosyal "Maduro ak rejim li an komèt yon lòt krim. Yo kidnape yon sitwayen onèt, yon papa... ki gen wòl asire sekirite nou,".

Li te ajoute "Tou 2 te ranpli responsablite yo yon fason egzanplè, yo te toujou okouran risk sa a genyen pou kanpe anfas a yon tirani mond lan jodi a dekri kòm yon sistèm kowonpi e kriminèl,".

Òganizasyon siveyans Foro Penal rapòte 149 "arestasyon abitrè", nan moman dat eleksyon yo t ap pwoche, ladan yo gen 135 moun nan antouraj Machado.

Anpil lòt moun te jwenn arestasyon yo tou depi lè sa a, Foro Penal di jounen jodi a Venezyela gen pi gwo kantite "prizonye politik” depi anviwon 25 lane.

Venezyelyen ki Travèse Forè Darien yo di yo Pèdi Espwa Depi apre Eleksyon Jiyè yo

Migrants arrive to the migrant reception center, in Lajas Blancas
Migrants arrive to the migrant reception center, in Lajas Blancas

LAJAS BLANCAS, Panama (AP) — Venezyelyen k ap travèse Gap Darien yo — yon pasaj difisil nan forè ant Kolonbi ak Panama — di yo ap antreprann vwayaj danjere sa a paske yo pèdi espwa pou chanjman apre yon eleksyon prezidansyèl konsteste kote Prezidan Nicolás. Maduro te soti gayan malgre dekont opozisyon an te pibliye an montre konkiran li te ranpòte yon kokennchenn viktwa.

Ane pase a, plis pase yon demi milyon moun te travèse pasaj difisil ant forè Kolonbi ak Panama nan espwa pou yo rive nan Etazini. Majorite nan yo se te Venezyelyen.

Menm si vag migrasyon te ralanti parapò ak nan nivo rekò li te atenn ane pase a, sèten moun di rezilta konteste eleksyon Jiyè Venezyela yo ak represyon leta vin fè apre yo se gout dlo ki fè vaz la debòde a.

Load more

XS
SM
MD
LG