Lagè Tarif ki dechlenche depi plis pase yon mwa ant Etazini ak anpil lòt peyi kapab gen gwo enpak sou ekonomi mondyal la.
Depatman Edikasyon ameriken an di yè madi a li ta revoke prèske mwatye anplwaye li yo, yon posib kòmansman pou fèmen tout pòt li
Yon jij ameriken bay lòd pou yo pa depòte nan moman sa a Mahmoud Khalil, etidyan Palestinyen inivèsite Columbia nan New York e militan anti-lagè, e jij la fikse yon odyans demen mèkredi a pou tande ka a. Alòske Khalil deja tranfere nan yon prizon federal pou imigran nan Luisiane.
Prezidan Donald Trump di Gouvènman Federal la ta ka fèmen, men li espere sa pap rive
Yè Jedi a, Prezidan Donald Trump ogmante menas li sou Hamas ki dwe imedyatman lage rès otaj Izrayelyen yo. Detay: Jeanty Augustin Junio
Vis Prezidan JD Vance ankouraje yon kanpay sere-boulon kont imigran san papye, ak patisipasyon tout manm gouvènman Trump la
Otorite Greenland ak Panama reyaji apre diskou Prezidan Donald Trump lan devan Kongrè Etazini a Reyini. Detay : Jeanty Augustin Junior.
Tarif Prezidan Donald Trump te menase depi lontan pou l enpoze kont Kanada ak Meksik antre ann aplikasyon epi deklanche yon gè komèsyal ak peyi vwazen Etazini yo. Apati minui Madi, pwodui ki soti Kanada ak Meksik te gen yon taks 25% sou yo.
Nan yon entèvyou esklisiv ak sèvis Ikrenyen Lavwadlamerik, Vis Prezidan Etazini JD Vance pale sou desizyon Prezidan Donald Trump pran pou l kanpe asistans pou Ikrèn.
Trump di tarif 25% li pwopoze pou mete sou machandiz kap soti Meksik ak Kanada yo pral antre an vigè demen 4 mas la, ansanm ak yon lòt tarif 10% sou enpòtasyon chinwa yo.
Nan premye reyinyon kabinè dezyèm manda li a Mèkredi, Prezidan Donald Trump te defann etap administrasyon li a pou diminye fatra ak redwi kantite mendèv gouvènman ameriken an.
Plis pase 10 depite repibliken ak demokrat voye lè bay Prezidan Donald Trump ansanm ak Sekretè Deta sekitrite entryè ameriken an Kristi Noem konsènan dènye dezisyon administrasyon an sou dosye TPS Aysiyen an.
Pandan Majistra New York la, Eric Adams, t ap anonse yè lendi 24 fevriye 2025 la, ke abri pou migran “The Roosevelt Hotel” pral fèmen li te tou deklare ke li inosan pandan l t ap reponn kesyon sou akizasyon ki sou do l yo.
Pandan Prezidan Etazini an Donald Trump te repete nesesite pou mete fen nan lagè nan Ikrèn, Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy te deklare li ta pare pou li demisyone pou jwenn lapè a.
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelenskyy di jodi dimanch 23 fevriye 2025 la, li pare pou l abandone pozisyon li si sa vle di lapè nan Ikrèn, e si gen posiblite pou l chanje depa li pou Ikrèn antre nan LOTAN.
Repibliken Nan Sena yo apwouve gran liy bidjè federal la, anile objeksyon Demokrat yo apre yon vòt tout lannwit lan.
Enflasyon Etazini ogmante nan mwa janvye a, tankou pri manje, gazolin ak lojman, pandan lòt pri pwodwi yo, kontinye ap ogmante tou. VOA te pale ak kèk ekonomis sou kòman administrasyon Trump la ka fè pou bese pri yo
Etazini gen difikilte pou l depòte dirèkteman kèk imigran nan peyi yo, kidonk li te jwenn yon antant ak Panama kòm yon eskal anvan yo rive nan peyi orijin yo
Prezidan Kolonbyen, Gustavo Petro di jodi madi 18 fevriye a, trafikan dwòg yo achte 2 misil ke yo planifye tire sou avyon li, pou eseye touye l. Petro asosye menas la ak siksè li nan efò pou konbat trafik dwòg nan Kolonbi.
Lejislatè nan eta Oklahoma, Etazini ap anvizaje yon plan pou kòmanse kolekte enfòmasyon sou sitiyasyon imigrasyon elèv ak paran nan lekòl leta yo. Se yon pwopozisyon kèk responsab lekòl lokal yo deja di yo pral refize aplike.
Load more