Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Arestasyon yon Avoka Opozisyon


Perkins Rocha, asesor jurídico de Vente Venezuela, partido político de la aspirante presidencial opositora venezolana, María Corina Machado.
Perkins Rocha, asesor jurídico de Vente Venezuela, partido político de la aspirante presidencial opositora venezolana, María Corina Machado.

Opozisyon an nan Venezyela anonse sou rezo sosyal yo ke Perkins Rocha, yon avoka selèb nan opozisyon an, jwenn arestasyon li madi, yon mwa apre re-eleksyon Nicolas Maduro ke opozisyon an konteste.

Otorite yo pa t rapòte imedyatman nouvel sou arestasyon an.

Lidè opozisyon an Maria Corina Machado deklare sou X: "Rejim Nicolas Maduro a kidnape zanmi m ak kamarad mwen, Perkins Rocha. Perkins se avoka pèsonèl nou, kowòdonatè legal nou ak reprezantan nou (...) devan CNE (Konsèy Elektoral Nasyonal) la".

Dapre pati Madam Machado a, Vente Venezuela, moun ke yo pa rive idantifye te kidnape Rocha "palafòs".

Madanm li Maria Constanza deklare ke li disparèt a 11 am (1500 GMT): "Mari m 'se pa yon kriminèl, li se sèlman yon sitwayen ki ap lite epi goumen pou nou tout ka viv nan libète", se sa Constanza deklare tou sou X.

Li se "yon nonm jis, vanyan, entèlijan ak jenere. Yon Venezyelyen ki ka sèvi ka sèvi kòm egzanp. Yo ap eseye kraze nou, fè nou bliye sa n ap fè epi ban nou laperèz. N ap vanse, pou Perkins, pou tout prizonye ak moun ke yo ap pèsekite, ak pou tout pèp Venezyela a,” se sa Madam Machado ajoute, pandan li lanse Mèkredi mo dòd pou manifestasyon yon mwa apre eleksyon an.

Plis pase yon santèn lidè opozisyon ak aktivis te jwenn arestasyon anvan ak apre kanpay la. 6 kolaboratè ke Madam Machado fè konfyans, pami yo manadjè kanpay li Magalli Meda, al pran refij nan anbasad Ajantin pou chape anba akizasyon konplo.

Anons re-eleksyon Nicolas Maduro, ki gen 61 an, te pwovoke manifestasyon ki lakoz 27 moun mouri ak 192 blese, dapre sous ofisyèl yo. Anviwon 2,400 moun jwenn arestasyon tou, dapre menm sous la.

XS
SM
MD
LG