Robert F. Kennedy Jr. di Lap Sispann Kanpay Prezidansyèl li, Apiye Donald Trump

Kandida prezidansyel Endepandan Robert F. Kennedy Jr pale ak jounalis yo nan Mineola, Nouyok, 21 Out, 2024.

Robert F. Kennedy deklare lap sispann kanpay prezidansyèl li kom endepandan epi apiye Donald Trump.

Kennedy deklare Vandredi nan Arizona ke sondaj kanpay li fè montre prezans li nan kous la taka blese Trump epi ede kandida Demokrat la Kamala Harris.

Misye site libète la pawol, lagè Ikrèn nan ak "lagè kont timoun nou yo" kom prensipal rezon moun ap eseye wetire non li sou bilten vot yo nan eta "chan d batay yo".

Kennedy pa presize si lap mete fen ofisyèlman nan kanpay li e li di patizan li yo pral kontinye apiye li nan prensipal eta kote pa gen anpil chans pou yo afekte rezilta yo.

Kennedy di li pran desizyon sa a apre konvèsasyon li te genyen ak Trump pandan semèn ki pase yo.