Accessibility links

Breaking News

Kennedy Wetire Non li Sou Bilten Vot eta Arizona


Kandida prezidansyel Endepandan Robert F. Kennedy Jr pale ak jounalis yo nan Mineola, Nouyok, 21 Out, 2024.
Kandida prezidansyel Endepandan Robert F. Kennedy Jr pale ak jounalis yo nan Mineola, Nouyok, 21 Out, 2024.

Robert F. Kennedy Jr. wetire non li sou bilten vot yo nan Arizona, yon jou anvan limenm ak Donald Trump te pwograme pou yo fè parèt nan zon vil Phoenix.

Retrè Kennedy a fèt ta Jedi epi vini nan moman bwi ap kouri pou di kom kwa Kennedy taka bay kous prezidansyèl la vag epi andose kandida Repibliken an.

Kennedy pral pale nan vil Phoenix Vandredi apremidi, sou chimen kanpay li pral pran nan jou kap vini yo.

Kèk hè pi ta, Trump pral patisipe nan yon miting politik nan Glendale, ki se yon vil vwazen.

Kanpay Trump ak Kennedy a ogmante konpliman yo youn pou lot dèyè sèn nan, pandan semèn ki pase yo.

Malgre Kennedy poko esplike poukisa lap bay diskou a, nouvèl la vini nan moman kanpay li ap fè fas ak anpil defi epi yon gwo bès nan popilarite.

XS
SM
MD
LG