Demokrat yo Pral Onore Biden Premye Jounen Konvansyon Chicago a

Foto Achiv: Prezidan Joe Biden rive nan baz aviyasyon Etazini Dover Air Force Base nan eta Delaware, pou l monte nan Air Force One pou tounen Washington, 23 Jiye, 2024.

Yon pati Demokrat renouvle ap gade lavni ak pase a nan moman konvansyon nasyonal li a ap tanmen nan Chicago.

Pati a vinn transfome gras ak lajan, momentom, soulajman epi menm ke kontan ki suiv Vis Prezidan Kamala Harris nan tèt tikè prezidansyèl li.

Met sou sa, konvansyon Chicago a, kap dire 4 jou, gen kom bi pou selebre epi ranfose Harris kom ranplasman Prezidan Joe Biden.

Pou kout je sou pase pati a, Biden pral pwononse diskou kle a, Lendi swa.

Apre sa, Harris ak Gouvene Minnesota Tim Walz, ki se kolistye li pral prezante tèt yo bay Ameriken yo apre yo pat patisipe nan kanpay primè a.