Accessibility links

Breaking News

Aktivis Pare pou Manifeste Devan Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la nan Chicago


Manifestan mache devan yon gwoup polisye anvan komansman Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la, Dimanch 18 Out, 2024.
Manifestan mache devan yon gwoup polisye anvan komansman Konvansyon Nasyonal Pati Demokrat la, Dimanch 18 Out, 2024.

Yon gwo foul aktivis kòmanse rasanble Chicago pou manifeste devan Konvansyon Nasyonal pati Demokrat la.

Yo espere atire atansyon Ameriken sou kestyon tankou enjistis ekonomik, dwa pou moun fè pitit oubyen jete pitit epi lagè Gaza a.

Tandiske Vis Prezidan Kamala Harris chofe patia nan moman lap pare pou l aksepte nominasyon pati a kòm kandida a la prezidans, aktivis yo di plan yo genyen pou manifeste pa chanje.

Yo pare pou anplifye mesaj pwogresis yo devan Demokrat pi wo plase yo.

Revandiksyon yo kouvri chanjman klimatik, dwa pou fè avotman ak egalite rasyal - antrot. Men anpil aktivis dakò ke mesaj pi ijan yo vle fè pase se: fòk gen yon seselfe tou suit nan lage Izrayèl Hamas la.

XS
SM
MD
LG