Accessibility links

Breaking News

Trump Pral Mennen Kanpay Toupatou Ozetazini nan Moman Lap Goumen pou Jere Momentòm Harris la


Foto Achiv: Kandida prezidansyel Repibliken an, ex-Prezidan Donald Trump pandan yon miting politik, 20 Jiye, 2024.
Foto Achiv: Kandida prezidansyel Repibliken an, ex-Prezidan Donald Trump pandan yon miting politik, 20 Jiye, 2024.

Nan moman kote Demokrat yo ap lanse konvansyon yo nan Chicago, kanpay Donald Trump la ap eseye reprann momentòm li apre li pase plizyè semèn ap voye pye epi eseye ajite a nouvo reyalite a ki mete Kamala Harris nan tèt tikè Demokrat la.

Trump te sanble demanti reyalite ke Harris ap pran anlpè, epi atake li ak pawòl piman bouk. Misye deklare se entelijans atifisyèl ki jenere gwo foul moun ki asiste miting politik li yo epi li fe komantè rasis pa rapò ak idantite li.

Pawòl sa yo bay alye Trump yo ke sote paske yo pe lap gate chans yo te kwe li taka genyen pou l ranpòte eleksyon an.

XS
SM
MD
LG