Accessibility links

Breaking News

Kandida Vis Prezidansyèl Vance, Walz ap Fè Fas ak Anpil Kritik


Kolistye Repibliken Donald Trump ak Demokrat Kamala Harris ap fè fas ak anpil kestyon nan moman kanpay prezidansyèl la ap chofe pi plis.

Senatè Ohio JD Vance fèmen plizyè oganizasyon charite ki pat gen siksè ke li te fonde apre li te pibliye ak siksè liv Hillbilly Elegy li a.

Pandansetan, Gouvènè Minnesota, Tim Walz te jwenn arestasasyon li sa gen 30 an desa dapre nouvèl yo paske li tap kondui pandan li te sou. Sa atire anpil atansyon sitou pami kritik li yo.

Yon lot kote gen plizyè manm Kongrè a kap mete presyon sou lidè Pantagon yo pou yo asire lame a pa mele nan politik e ke yo pa sèvi ak solda ki aktiv yo kom polis nasyonal.

Eleksyon 2024 la se premye kap fèt depi atak kont Capitol la, 6 Janvye 2021, ki te gen kòm objektif pou anpeche palmantè yo sètifye viktwa Biden te ranpòte a.

XS
SM
MD
LG