Accessibility links

Breaking News

FBI ap Mennen Ankèt Apre Kanpay Trump la di Iran Pirate Kèk nan Done li yo


TESLA-TRUMP/MUSK
TESLA-TRUMP/MUSK

WASHINGTON (AP) — FBI di ke li ap mennen ankèt sou akizasyon kom kwa pirat Iranyen ta gen aksè ak dokiman sansib ki soti nan kanpay Donald Trump la.

FBI te pibliye yon deklarasyon tou kout Lendi ki di, "Nou ka konfime FBI ap mennen ankèt sou zafè sila."

2 moun ki abitye ak pwoblèm nan te di ke pirat iranyen te vize kanpay Biden-Harris la tou.

Yo te pale sou kondisyon anonim paske yo pa te otorize pou diskite sou detay ankèt la.

Reklamasyon kanpay Trump la te vini yon ti tan apre Microsoft te pibliye yon rapò detaye sou tantativ ajan etranje yo fè pou entèfere nan eleksyon Ozetazini.

XS
SM
MD
LG