Accessibility links

Breaking News

Trump Mande Jij Nouyòk la Ranvwaye Santans li pou Jous Apre Eleksyon Novanm nan


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump nan tribinal kriminel Manhattan nan, 30 Me, 2024.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump nan tribinal kriminel Manhattan nan, 30 Me, 2024.

Donald Trump mande jij kap jere dosye kriminèl li nan Nouyòk pou l ranvwaye dat santans la pou jis apre eleksyon prezidansyèl Novanm nan.

Nan yon lèt li pibliye Jedi, yon avoka kap travay pou ansyen prezidan an ak aktyèl kandida prezidansyèl pati Repibliken an sigjere pou yo ranvwaye pou 7 semèn odisyon pou pwononse santans Trump la ki fikse pou 18 Septanm. Avoka a di si yo pwononse santans la jou sa a li ta reprezante yon tantativ pou entèfere ak eleksyon an.

Avoka Trump la, Todd Blanche ekri pou di delè ta pèmèt Trump reflechi sou ki mezi li pral pran apre sa. Jij la sipoze pran yon desizyon 16 Septanm sou demann defans la fè pou ranvèse desizyon jiri a epi kite pwosè a tonbe apre Kou Siprèm Etazini te bay yon jijman kote li di prezidan yo gen iminite pou zak yo poze pandan yo okipe prezidans la.

XS
SM
MD
LG