Accessibility links

Breaking News

Elektè Minnesota, Filadèlfi Gen Opinyon Depaman sou Chwa Tim Walz Kòm Vis Prezidan Kamala Harris


Democratic presidential nominee Vice President Kamala Harris and her running mate Minnesota Gov. Tim Walz arrive at a campaign rally in Philadelphia, Aug. 6, 2024.
Democratic presidential nominee Vice President Kamala Harris and her running mate Minnesota Gov. Tim Walz arrive at a campaign rally in Philadelphia, Aug. 6, 2024.

Kandida a la prezidans pati Demokrat la, Kamala Harris chwazi Gouvènè eta Minnesota, Tim Walz kòm kolistye li 6 Out.

Walz apiye politik pwogresis e li kominike yon fason senp antanke moun rejyon Ameriken yo rele "kè" Etazini, sa ki ka atire elektè blan nan zòn riral yo.

Walz, ki gen 60 an kelke mwa anplis Kamala, se yon veteran Gad Nasyonal Etazini ak yon ansyen pwofesè lekol.

Li te eli pou reprezante yon distri ki gen tandans vote Repibliken nan Lachanm Depite an 2006, li te sèvi kòm depite pandan 12 zan anvan yo te eli li gouvènè Minnesota an 2018.

Patrick Eagan, ki se yon pwofesè politik nan Inivèsite "New York University" di li kwè chwa a trè pwogresis.

Li te deklare: " Se yon tikè trè pwogresis kont yon tikè trè konsèvatè. Donk sa nap gade se plis prèv de gwo polarizasyon ki egizste nan politik Etazini ke okenn nan kandida yo pat vreman santi yo te bezwen atire pandan yap eseye ankouraje elektè modere yo vote pou politik ak priyorite yo. Nan tou le 2 ka yo li enteresan ke yo sible elektè modere yo - JD Vance pran pòz moun nan mòn Appalachia yo epi Tim Walz limenm pran pòz chasè ak moun zòn riral Minnesota. Donk nap viv nan yon epòk kote stil trèz enpotan. E se yon bagay tou le 2 kandida yo konsidere."

Elekte Ameriken Reyaji sou Chwa Kamala Harris kom Kolistye li, Tim Walz
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:09 0:00

Pa rapò ak chwa Walz an patikilye, Pwofesè Eagan di li ka atire yon gwoup elektè ki enpòtan.

"Petèt youn nan atou Walz se ke li ka pale ak kalite elektè ki pat tèlman fou pou Hillary Clinton an 2016. Men evidaman yo te deside vote pou Joe Biden an 2020. Elektè sa yo granmoun, blan, modere e anpil nan yo vote pou Biden nan sant wès la ak eta Nouyok pa egzanp. Donk an palan de stil, nèg sa a taka atire menm elektè sa yo pou menm rezon ke stil Joe Biden te atire yo tou."

Men elektè nan St. Paul, Minnesota gen opinyon depaman sou chwa Walz la.

"Mwen gen anpil santiman depaman. Mwen renmen ke Walz fè anpil bagay ki pwoteje dwa fanm, dwa repwoduktris, dwa sivik, LGBTQIA ou konnen bagay ki pwogresis. Men m te kwè li pat entelijan o pwend vu stratejik pou Kamala chwazi l. M te espere li tap chwazi yon moun ki soti nan eta nap eseye genyen tankou Pènsilvani oubyen Arizona."

Sitwayen e pwofesè Jessica Kohanek santi l fyè.

"Mwen santi m fyè antanke moun Minnesota ke misye pral reprezante eta nou. Li fè fas ak anpil defi nan eta nou ak tout sak te pase an 2020. Donk li gen eksperyans. Mwen konnen fanmi l enpotan pou li, li renmen moun e mwen kwè se yon gwo atou."

Nan Filadelfi, kote Harris te parèt piblikman ak Walz pou premye fwa, moun yo te pozitif.

"Se nan Filadelfi Etazini pran nesans, donk nou gen istwa isit la. Drapo a reprezante endepandans ak libète e mwen optimis ke Harris ak Walz taka ede nou pwoche objektif ensezisab sa a."

Sitwayen Chris Baker di li desi paske Harris pa chwazi gouvene Pensilvani.

"Even m te yon ti jan desi se pa Josh Shapiro li chwazi men tou le 3 chwa li te gen devan l te ekselan. Donk map gade pou wè sak pral pase."


Se nan konvansyon nasyonal Pati Demokrat la nan Chicago ke yo va nomen ofisyèlman Kamala Harris ak Tim Walz kom kandida a la prezidans ak vis prezidans pati a pou eleksyon Novanm nan.

XS
SM
MD
LG