Accessibility links

Breaking News

Harris Chwazi Gouvenè Demokrat Minnesota, Tim Walz, Kòm Kolistye li pou Kous Prezidansyèl la


Vis Prezidan Kamala Harris chwazi gouvènè Minnesota, Tim Walz kom kolistye li pou kous prezidansyèl la.

Harris pibliye yon mesaj sou rezo sosyal yo Madi pou di ke Walz - "bay rezilta pou fanmi klas travayè yo."

Mesye-dam yo pral fè yon parèt ansanm nan Filadèlfi aswè a kote yo pral patisipe nan yon miting politik.

Gouvènè a jere yon eta nan sant wès Etazini, li se yon veteran lagè, li apiye sendika travay yo e li ede mete ann aplikasyon yon ajanda anbisye Demokratik pou eta li. Nan ajanda sa a genyen pwoteksyon pou fè avotman epi asistans pou fanmi yo.

Waltz vinn gen plis renome nasyonal depi 2023 lè li te patisipe nan yon sesyon lejislativ ke li dekri tankou youn pami sa ki gen plis konsekans nan listwa eta Minnesota.

Yo te eli gouvènè Walz direktè Asosyasyon Gouvènè Demokrat yo nan mwad Desanm nan.

XS
SM
MD
LG