Blinken di Izrayèl Dakò ak Plan Seselfe Etazini an e li Mande Hamas Fè Mèman Parèyman

Sekretè d Eta Antony Blinken di Izrayèl aksepte yon plan seselfe ak antant pou liberasyon otaj yo nan Gaza e li mande Hamas fè mèman parèyman.

Sepandan, Blinken pa di si antant la reponn kèk pami fay gwoup militan an te soulve yo.

Blinken te pran la pawol apre yon rankont ak Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu ki te dire 2è edmi Lendi. Li gen pou l vwayaje Ejipt Madi.

Etazini, Ejipt ak Katar pase plizyè mwa ap travay sou yon ako seselfe, malgre negosyasyon yo te chwe plizyè fwa. Blinken pa di si antan Etazini an gen ladann demann Izrayèl te fè pou l kontwole 2 korido estratejik andedan Gaza, ke Hamas di li refize aksepte. Gen lot kestyon anko ki lakoz negosyasyon yo pa pwogrese.