Hamas, Jihad Islamik Revandike Responsabilite pou Bonm ki Sote Tou Pre Sinagog Tel Aviv la

Branch ame Hamas la ak Jihad Islamik revandike responsablite jodi lendi a pou yon bonm ki sote toupre yon sinagog nan Tel Aviv ke lapolis izraelyen ak ajans ransèyman Shin Bet dekri kòm yon atak teworis.

Yon nonm ki t ap pote yon bonm, ak yon moun ki t ap pase, te blese nan ensidan an dimanch swa, dapre lapolis ki te sou plas nan kapital komèsyal Izrayèl la.

Pòtpawòl gouvènman izraelyen an David Mercer di mesye a t ap pote yon sak sou do li chaje ak eksplozif ki te sote « anvan li te degaje li rive nan yon zonn ki te chaje ak moun. »

Nan yon deklarasyon an komen, 2 gwoup militan palestinyen yo di : “operasyon kote yo fè tèt yo mati” andan Izrayèl la ap tounen sou devan liy batay la toutotan « masak okipasyon an ak politik asasinay la ap kontinye ». Sete an palan de ofansiv Izrayèl nan Gaza a ak asasinay 31 Jiyè a sou lidè Hamas, Ismail Haniyeh, nan Teheran.

Izrayèl pa ni revandike ni nye responsablite pou lanmò Haniyeh nan kapital Iran an.