Medyatè Kap Negosye yon Seselfe pou Konfli Gaza a Fini Chita Tande yo

Palestinyen kap pote dey pou moun ki mouri nan yon frap ayeryen nan Naplouz pote kadav yo pandan fineray yo, 15 Out, 2024.

Medyatè kap travay sou yon seselfe pou konfli Gaza a deklare Vandredi chita tande yo tap fè pandan 2 jou fini e yo gen entansyon reprann yo nan vil Kèr an Ejipt semèn pwochèn pou jwenn yon antant pou sispann goumen.

Nan yon deklarasyon yo pibliye Vandredi, Etazini, Ejipt ak Katar deklare chita tande a te konstruktif epi dewoule nan yon anbyans pozitif.

Yo prezante plan yo bay tou le 2 pati yo ak espwa dèske yap kapab kontinye travay sou detay aplikasyon ako seselfe a nan jou kap vini yo.