Accessibility links

Breaking News

Etazini ak lòt peyi medyatè ki fristre, yo mande Izrayèl ak Hamas pou yo rekòmanse chita pale sou lapè nan Gaza


Displaced Palestinians make their way as they flee the eastern part of Khan Younis
Displaced Palestinians make their way as they flee the eastern part of Khan Younis

WASHINGTON (AP) — Lidè Etazini, Ejip ak Katar mete vwa yo ansanm pou mande Izrayèl ak Hamas pou retounen nan chita pale sou lagè a nan Gaza a ki bloke.

3 lidè yo te pibliye yon deklarasyon jedi pou di "se detay yo sèlman " ki rete pou yo jwenn yon akò lapè ak liberasyon otaj yo.

Prezidan Joe Biden, Prezidan Abdel Fattah el-Sisi nan Ejip ak Emir Tamim al-Thani nan Katar ap moutre fristrasyon k ap grandi, yo di yo pap aksepte "okenn eskiz nan men okenn pati ki ap chache fè lè pi plis toujou."

Biwo Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu di ke li te dakò pou al patisipe nan chita pale 15 Dawout la.

Pou kounya Hamas pa fè okenn deklarasyon.

XS
SM
MD
LG