Plizyè Peyi Eksprime Kè Sote Dèske Asasina Lidè Hamas la Taka Deklanche yon Lagè Rejyonal

Lide politik Hamas Palestinyen an Ismail Haniyeh (mitan) fe siy viktwa a pandan li antoure pa yon gwoup palmante Iranyen apre fen seremoni envestiti nouvo prezidan eli Iranyen an, Massoud Pezeshkian, nan palman an nan Teheran, 30 Jiye, 2024.

Lidè politik pi wo plase Hamas la mouri Mèkredi nan yon frap ayeryen ki dewoule anvan solèy la leve nan kapital Iranyèn nan, Teheran. Gwoup militan an konfime nouvèl la epi blame Izrayèl pou yon asasina ki choke anpil moun epi riske deklanche yon lagè total nan rejyon Mwayèn Oryan an.

Lidè siprèm Iranyen an sèmante pou l pran revanj kont Izrayèl pou zak sa a.

Nan peyi Izrayèl menm, Premye Minis Benjamin Netanyahu deklare Izrayèl pral "egzije nempot ki moun ki ta agrese peyi a peye yon pri lou" kèlkeswa kote atak la soti. Li di pèp Izrayelyen an "jou kap vini yo ap difisil.

Izrayèl te sèmante pou l touye Ismail Haniyeh ak lot lidè Hamas yo depi apre atak militan yo te lanse 7 Oktob kont Izrayèl ki te deklanche konfli Gaza a.

Frap ayeryen Mèkredi a dewoule yon ti tan apre Haniyeh te asiste envestiti nouvo prezidan Iranyen an nan Teheran, epi kèk hè d tan apre Izrayèl te sible yon komandan wo plase Hezbollah a ki se zanmi Iran, nan kapital Libanèz la Bewout.

Etazini di li pa gen enfomasyon sou atak la. Lloyd Austin se Sekretè Defans Etazini. Li pale ak jounalis yo depi Filipinn:

"M pa gen anyen pou nou sou sa. Nou li nouvel yo men m pa gen okenn lot enfomasyon pou ba nou."

Austin di li pa kwè yon lagè rejyonal inevitab e ke Etazini kontinye apiye Izrayèl nan moman tansyon yo ap ogmante. Li ajoute si yo atake Izrayèl, Etazini pral ede l defann tèt li.

Konseye Sekirite Lamezonblanch, John Kirby di jounalis yo li paka ni konfime ni verifye nouvel ki soti Iran. Li repete menm pawol ak Austin pa rapo ak si yon ogmantasyon nan konfli a inevitab. Li pat vle di non plis si Lamezonblanch mande Izrayel mete dlo nan diven li.

Asasina a soulve kritik bo kote LaRisi ak Lachin.

Dmitry Peskov se pot pawol prezidan Ris la, Vladimir Putin:

"Nou kondane atak ki te debouche sou lanmo Misye Haniyeh ak tout fos nou. Nou kwè zak konsa vize gate jefo pou tabli lapè nan rejyon an. Epitou sa ka destabilize yon sityasyon ki deja chaje tansyon."

Nan Nouyok, potpawol Sekretè Jeneral LONU an, Stephane Djarric ankouraje tout moun mete dlo nan diven yo.

" Sekretè jeneral la kwè atak nou wè nan Sid Bewout ak Teheran reprezante yon ogmantasyon danjre nan moman kote tout jefo yo ta dwe debouche sou yon seselfe nan Gaza, liberasyon otaj Izrayelyen yo, yon gwo ogmantasyon nan asistans imanitè pou Palestinyen Gaza yo epitou yon retou o kalm. Olye de sa nap gade jefo pou minnen objektif sa yo. "

Dapre nouvèl yo, Iran mande pou Konsèy Sekirite LONU an oganize yon rankont dijans apremidi a a 4h pou diskite sou frap ki touye lidè Hamas la.

Kek enfomasyon nan repotaj sa a soti nan Associated Press. Korespondan VOA nan LONU, Margaret Besheer ak nan Lamezonblanch, Patsy Widakuswara kontribye a repotaj sa a.