Yon Pakèt Manifestan Anti-Izrayelyen Pran Lari Washington Anvan Diskou PM Netanyahu Devan Kongrè a

Plizyè santèn manifestan pran lari Washington tou pre Capitol la pou denonse lagè Izrayèl ap mennen nan Gaza a epitou Premye Minis Benjamin Netanyahu, kèk hè d tan anvan diskou li sipoze pwononse devan Kongrè a.

Manifestan yo pote pannkat ki di "Arete Netanyahu" epi "Sispann Tout Asistans Ameriken pou Izrayèl". Yo te rele slogan tou tankou : "Libere, Libere Palestin".

Manifestan mache nan Washington anvan diskou PM Izrayelyen Benjamin Netanyahu sipoze pwononse nan Kongre a, 24 Jiye, 2024.

Yè Madi a, lapolis te arete plizyè moun ki te patisipe nan yon sit-in andedan yon bilding Kongrè a.

Plizyè manifestan kreye yon pope twèl ki sanble ak Netanyahu kote yo mete konn dyab sou tèt li epi san kap koule soti nan bouch li.

Lapolis kanpe sou 2 bo avni Pènsilvani - yon boulva prensipal nan Washington ki mennen nan Mezonblanch la, epi yo pati ak plizyè manifestan ki te chita nan mitan lari.