Accessibility links

Breaking News

Lidè Repibliken yo Mande Palmantè yo pou Pa Lanse Atak 'Rasis ak Seksis' kont VP Kamala Harris


Day 2 of the Republican National Convention in Milwaukee, Wisconsin
Day 2 of the Republican National Convention in Milwaukee, Wisconsin

Lidè Repibliken yo lanse yon pinga bay manm pati a kont pawol rasis ak seksis yap sèvi pou atake Vis Prezidan Kamala Harris nan moman yomenm ak ansyen kanpay ansyen Prezidan Donald Trump ap kouri pou yo ajiste yo ak reyalite ki devan yo, kote yo gen yon nouvo rival Demokrat mwenske 4 mwa anvan eleksyon an.

Pandan yon rankont prive bonè Madi, depite Repibliken Lachanm yo te diskite ak direktè Komite Nasyonal Repibliken Kongrè a, Richard Hudson. Misye ankouraje yo pou yo kritike Harris pou wol li jwe nan administrasyon Biden-Harris la ak politik yo mete an plas.

Prezidan Lachanm, Mike Johnson di jounalis yo apre rankont la ke eleksyon an ap santre sou "politik pa pèsonalite".

XS
SM
MD
LG