Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Pale de Akonplisman li yo Pandan yon Diskou Nasyonal Mèkredi


Prezidan Joe Biden desann nan avyon Air Force One apre li rive nan baz aviyasyon Andrews nan eta Maryland, 23 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden desann nan avyon Air Force One apre li rive nan baz aviyasyon Andrews nan eta Maryland, 23 Jiye, 2024.

Malgre non Prezidan Joe Biden pap sou bilten vòt yo pou eleksyon Novanm nan, elekte Ameriken yo pral jije akonplisman li yo.

Nan moman Vis Prezidan Kamala ap fè preparasyon pou ranplase li kòm kandida a la prezidans pati Demokrat la, akonplisman Biden yo menase si Repibliken Donald Trump ranpòte la viktwa.

Biden ap gen yon opòtinite pou l pale de akonplisman li yo Mekredi swa, lè li va pwononse yon diskou depi biwo Oval la sou desizyon li pran pou l rale kò l nan kous prezidansyel 2024 la epi di pèp Ameriken an "kisa li planifye pou lavni."

Jijman elektè yo vizavi manda Biden nan makonnen ak siksè elektoral Harris nan mwad Novanm nan, sitou si vis prezidan an pwomouvwa akonplisman administrasyon an pandan lap mennen kanpay pou prezidans la.

XS
SM
MD
LG