Accessibility links

Breaking News

Avoka Donald Trump Ale ann Apèl Ak Vèdik Sivil yon Tribinal New York te pran kont li


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Nouyok, 11 Janvye, 2024.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump nan Nouyok, 11 Janvye, 2024.

NEW YORK (AP) — Donald Trump ap fè presyon sou yon tribinal apèl nan Nouyòk pou fè anile jijman sivil pou fwod ke New York te pran kont li kote li gen pou peye prèske 500 milyon dola, sa ki menase pou fè li pèdi anpil nan biznis kay li a epi fini ak tout rezèv lajan kach li genyen pandan l ap fè kanpay pou repran Mezon Blanch lan.

Nan dokiman ke yo depoze lendi nan tribinal apèl nan eta a, avoka ansyen prezidan an di ke desizyon Jij Arthur Engoron nan Manhattan te pran 16 Fevriye a te jwenn ke Trump te bay bank yo, konpayi asirans yo ak lòt moun manti sou richès li.

Avoka Trump yo pa te sispann repete ke pwosè Avoka Jeneral New York, Laetitia James la, kou dapèl la ta dwe anile li san pèdi tan. Yo di ke gen bagay nan akizasyon ki te sou do kliyan yo a ki depase limit tan kote yo te ka valab devan lajistis, e ke swadizan fwòd ke yo di ke Trump te komèt la pa te fè okenn viktim.

XS
SM
MD
LG