Accessibility links

Breaking News

Biden Pral Pwononse yon Diskou Devan Nasyon an Mèkredi


Prezidan Joe Biden rive nan baz aviyasyon Etazini Dover Air Force Base nan eta Delaware, pou l monte nan Air Force One pou tounen Washington, 23 Jiye, 2024.
Prezidan Joe Biden rive nan baz aviyasyon Etazini Dover Air Force Base nan eta Delaware, pou l monte nan Air Force One pou tounen Washington, 23 Jiye, 2024.

Prezidan Joe Biden teste negativ kounyea pou COVID-19 e lap pare pou l pwononse yon diskou devan nasyon an depi Biwo Oval la.

Doktè prezidan an pibliye yon deklarasyon Madi kote l di sentom COVID-yo rezoud.

Prezidan Biden sipoze tounen Lamezonblanch Madi e li va pwononse diskou li Mèkredi a 8 hè di swa, lè Washington. Li va esplike desizyon li pran pou l bay kous prezidansyèl 2024 la vag.

Biden pibliye yon mesaj sou rezo X pou di li pral pale sou "sak devan nou" epi kijan li pral "fini djob la pou pèp Ameriken an."

Pèson pa wè prezidan an an piblik depi 17 Jiyè men li te rele kanpay li Lendi pandan yon rankont yo te genyen pou eksprime sipo li pou Vis Prezidan Kamala Harris kom kandida a la prezidans.

XS
SM
MD
LG