Accessibility links

Breaking News

Harris Bat Rekò ak Kantite Lajan Kanpay li Antre nan 24 Hè; Vance Envite Demokrat yo Chanje Pati


U.S. Vice President Kamala Harris attends a campaign event at West Allis Central High School
U.S. Vice President Kamala Harris attends a campaign event at West Allis Central High School

Vis Prezidan Kamala Harris te okipe anpil 24 hè apre Prezidan Joe Biden te apiye l kom kandida prezidansyèl pati Demokrat la.

Li sekirize plis pase mwatye delege lap bezwen pou l ranpote nominasyon pati a epi li kotize plis pase $81 milyon - ki se yon chif reko pou sik politik eleksyon 2024 la.

Harris ap travay sou mesaj politik li gen entansyon sèvi pou l ranpote kous prezidansyèl la nan mwad Novanm nan.

Pandan yon rankont ak anplwaye kanpay Biden yo nan vil Wilmington, eta Delaware, ke li eritye, Harris mete aksan sou palmarès pwofesyonèl li antanke avoka akizasyon.

"Pandan jou ak semèn kap vini yo mwenmenm avè nou - m pral fè tout sam kapab pou inifye pati Demokrat nou, inifye peyi nou epi ranpote eleksyon sa a. "

Li konpare palmarès li ak pa Trump la ke lajistis kondane pou 34 krim federal pa rapo ak yon dosye lajan anba tab nan Nouyok.

"Anpil nan nou konnen anvan mwen te eli vis prezidan, anvan mwen te eli senatè Etazini, mwen te avoka eta Kalifoni, anvan sa mwen te avoka akizasyon nan tribinal. Nan wol sa a mwen te fè fas ak tout kalite kriminèl. Mèt dam ki abize fanm. Magouyè ki volè lajan konsomatè. koken ki vyole tout règ pou pwofi pèsonèl yo. Donk koute m byen lèm di nou m konnen tip moun Donald Trump reprezante."

Pandansetan, kandida a la vis prezidans Repibliken an, JD Vance te asiste yon miting politik nan eta Vijini.

Vance pale dirèkteman ak elektè Demokrat yo epi ankouraje yo abandone pati yo a. Li envite yo rejwenn pati Repibliken an.

" Donk pou Demokrat kap gade yo, tanpri jwenn on fason pou fè Kamala vis prezidan. Yo te pwomèt mwen yon deba ak Kamala Harris e se sa map chache. Listwa ap sonje Joe Biden kom moun ki non sèlman bay le gen men tou youn pami pi move prezidan Etazini. Men zanm yo, Kamala Harris yon milyon fwa pi mal."

Vance ajoute ka Harris apiye tout pwogram Biden yo ki echwe e ke li te bay manti sou kapasite mantal li pou l sèvi kom prezidan.

Biden anonse Dimanch lap rale ko li nan kous prezidansyèl la. Li te sede anba presyon yon pakèt Demokrat wo plase ki di yo kwè li two granmoun pou l jere prezidans lan pou yon lot 4 an. Sepandan li ensiste pou di li genyen kapasite mantal pou l fini manda li kom prezidan Etazini. Manda li va bout 20 Janvye 2025.

XS
SM
MD
LG