Accessibility links

Breaking News

Harris Sekirize Ase Sipò Pou l Tounen Pwochen Kandida Prezidansyel Pati Demokrat la


Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris.
Foto Achiv: Vis Prezidan Kamala Harris.

Vis Prezidan Kamala Harris sekirize ase sipò pou l tounen pwochen kandida prezidansyèl pati Demokrat la dapre nouvèl ki pa ofisyèl. Pandansetan, responsab pati Demokrat yo ap fè preparasyon pou finalize pwosesis nominasyon ofisyèl kandida li a anvan Konvansyon Nasyonal Pati a ki sipoze dewoule mwa pwochen an.

Yon sondaj Associated Press fè ta Lendi jwenn ke plis pase 2,200 delege apiye Harris. Sa pèmèt li depase alèz, majorite 1,976 li pral bezwen nan konvansyon an pou l ranpòte nominasyon an. Chif AP a baze sou deklarasyon piblik pati eta yo fè epi entèvyou jounalis AP yo fè ak plizyè delege.

Harris pibliye yon deklarasyon Lendi swa kote l di "map kontan aksepte nominasyon an ofisyèlman nan yon ti tan."

Harris te rankontre anplwaye kanpay Biden Harris yo nan eta Delaware Lendi, kote li te fè konnen li pare pou l fè fas ak Donald Trump.

Harris te deklare: "Predatè ki abize fanm.Magouyè ki vòlè lajan kliyan. Trichè ki vyole lwa pou pwofi pèsonèl yo. Tande m lè m di mwen konn tip moun Donald Trump reprezante."

Harris ranmase plis pase $80 milyon pou kanpay li an he apre Prezidan Joe Biden te siprann tout moun ak anons lap rale kò li nan kous prezidansyel 2024 la.

Responsab Demokrat yo pral rankontre Mekredi pou finalize pwosesis la, dapre sa Direktris Komisyon Nasyonal Pati Demokrat la di jounalis yo Lendi. Li di pati a va chwazi kandida prezidansyel li anvan 7 Out.

XS
SM
MD
LG