Accessibility links

Breaking News

Netanyahu Pare pou Pwononse Yon Diskou Devan Kongrè Etazini


Foto Achiv: Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu pandan yon rankont kabine li nan Tel Aviv, Izrayel, 24 Desanm 2023.
Foto Achiv: Premye Minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu pandan yon rankont kabine li nan Tel Aviv, Izrayel, 24 Desanm 2023.

Premye Minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu pral eseye kore sipò Etazini pou peyi li nan lit li kont Hamas ak militan Iran apiye yo nan yon diskou li pral pwononse devan Kongre a.

Anpil palmante Demokrat gen entansyon boykote paret Netanyahu, e gen manifestan ki gonfle ozalantou Capitol la - kidonk syej Kongre Etazini an Mekredi, pou kondane lage brital Izrayel ap mennen nan Gaza ak kriz imanite li koze.

Netanyahu ap chache tou, pwojte yon imaj òm d eta respekte devan yon odyans lakay li ki ap kritike l de pluzanplu. Men objektif sa a vinn konplike akoz opinyon depaman Ameriken yo genyen vizavi Izrayel ak lage a, ki emeje tankou yon kestyon kle nan eleksyon prezidansyel Etazini an.

XS
SM
MD
LG