Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Netanyahu Pran Angajman Vizavi Seselfe li Pwopoze pou Gaza ke Biden Apiye

Foto Achiv: PM Izrayelyen Benjamin Netanyahu
Foto Achiv: PM Izrayelyen Benjamin Netanyahu

Premye minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu deklare Lendi ke Izrayel pran angajman vizavi seselfe li pwopoze pou Gaza a ak yon antan pou libere otaj yo. Chef lame bò kote pa li di yo prèske finn demantle fòs Hamas ki nan vil Rafah nan sid Gaza.

"Nou pran angajman vizavi plan Izrayelyen ke Prezidan Biden byen akeyi. Pozisyon nou pa chanje. Dezyeman, sa pa kontredi premye a lè nou di nou pap mete fen nan lagè a toutotan nou pa elimine Hamas epi toutotan sitwayen nan sid ak no yo ka retounen lakay yo sen-e-sof."

Lame Izrayelyen pibliye yon deklarasyon sou konsta li fè sou sityasyon an nan Rafah. Se Chef Deta Majò Lame a ki pibliye l. Se nan Rafah ke fos Izrayelyen yo ap goumen ak batayon Hamas ki toujou ap fonksyone yo.

Netanyahu voye jete avètisman yon komisyon Izrayelyen te fè pi bonè nan jounen Lendi a pou di lap mennen ankèt sou move konpòtman gouvènman an anski konsène acha soumaren ak bato misil ke li achte nan men Almay.

Komisyon an voye di Netanyahu ke selon prèv li ranmase jiskaprezan, li taka determine ke misye te pwofite pozisyon li kom premye minis ant ane 2009 ak 2016 pou l bay acha yo fe vèt san li pa respekte pwosesis pou fè sa.

Netanyahu reponn pou di ke soumaren yo "esansyèl pou garanti sekirite peyi a kont Iran.

Se gouvènman ki te vinn anvan Netanyahu ki te tabli komisyon sa a an 2022, e li di li pral pibliye talè konsa dokiman ki pa sekrè ki fè pati prèv li jwenn sou kontra pou achte ekipman militè a ki vo plizyè santèn milyon dola.

Pandansetan Minis Defans Izrayelyen Yoav Gallant rive Washington, Lendi. Li te vizite Depatman d Eta a kote li pral diskite sou pwochen faz lagè Gaza a ak ostilite kap ogmante sou fwontye Liban an.

Gen yon ti gwoup manifestan ki te kenbe pankat ki di
Libere Paltestin ki te kanpe bò kote bilding nan lè li te rive.

Galant di yo pare pou nempòt aksyon ki nesesè nan Gaza, Liban ak lòt kote ankò. Li di li pral rankontre tokay Ameriken li, Lloyd Austin epitou Sekretè d Eta Antony Blinken.

Pi bonè nan mwad Jyen an Hezbollah te sible vil Izraelyen ak baz militè ak yon seri obi ak dron apre yon atak Izrayelyen te touye komandan pi wo plase Hezbollah a.

See all News Updates of the Day

Yon Bato Kago Ameriken Chaje ak Asistans Imanite pou Moun Gaza Rive Izrayel

Yon Bato Kago Ameriken Chaje ak Asistans Imanite pou Moun Gaza Rive Izrayel
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:33 0:00

Yon bato kago Ameriken ki chaje ak asistans imanite pou moun Gaza yo rive nan yon pon flotan tou pre kot Izrayel.

Blinken di Minis Defans Izrayelyen an Etazini Vle Evite kèlkeswa "Eskalad" ki ta Pote Lagè a nan Peyi Liban

FILE PHOTO: U.S. Secretary of State Blinken visits the Kerem Shalom border crossing to Gaza
FILE PHOTO: U.S. Secretary of State Blinken visits the Kerem Shalom border crossing to Gaza

Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken rankontre ak Minis Defans Izrayelyen an Yoav Gallant Lendi 24 jen an, kote li di Gallant Etazini vle evite "eskalade" nan konfli Gaza a ki ta antre nan peyi Liban.

Pòtpawòl Depatman Deta Matthew Miller, di nan yon nòt pou laprès ke Blinken "ensiste sou enpòtans ki genyen pou evite kèlkeswa eskalade nan konfli a, e pou jwenn yon solisyon diplomatik ki pèmèt fanmi Izrayelyen ak Libanè tounen lakay yo."

Netanyahu Voye Jete Anons Anket Kap Mennen sou Soumaren ak Bato Misil Izrayel Achte nan men Almay

Netanyahu Voye Jete Anons Anket Kap Mennen sou Soumaren ak Bato Misil Izrayel Achte nan men Almay
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:42 0:00

Premye minis Izrayelyen Benjamin Netanyahu deklare Lendi ke Izrayel pran angajman vizavi seselfe li pwopoze pou Gaza a ak yon antan pou libere otaj yo. Chef lame bo kote pa li di yo preske finn demantle fos Hamas ki nan vil Rafah nan sid Gaza.

Guterres Eksprime Enkyetid li pou Liban Pa Tounen yon Dezyem Gaza

Guterres Eksprime Enkyetid li pou Liban Pa Tounen yon Dezyem Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:21 0:00

Sekretè jeneral Nasyon Zini-an eksprime enkyetid pou Liban pa tounen yon 2èm Gaza. Yon mizajou sou Gè Izrayèl-Hamas ask Jacquelin Belizaire...

Load more

XS
SM
MD
LG